
Douvan douvan
[Refren] An n pwodui ( “An n pwodui ! An n pwodui !”) An n pataje. An n vann (“An n vann yon lo !”) An n konseye. An n pran plezi san rete. Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite. “Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite !” [Vèsè 1] Nan zòn CARACOL, tout men mete ansanm, Nou fabrike, nou rasanble ak lanmou san danje flanm. Jèn fanm, jèn gason ap travay ak lespwa, Pou voye Ayiti pi lwen chak fwa! [Refren] An n pwodui ( “An n pwodui ! An n pwodui !”) An n pataje. An n vann (“An n vann yon lo !”) An n konseye. An n pran plezi san rete. Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite. “Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite !” [Vèsè 2] FRAGER AGRI-SUPPLY leve anvan solèy, Ap soutni peyizan pwodui bon rasin ak valorize fèy. Yo batay pou vann plis lwil vetivè chak jou, Gras a rasin vetivè, Ayiti mete bon sant pafen toupatou. [Refren] An n pwodui ( “An n pwodui ! An n pwodui !”) An n pataje. An n vann (“An n vann yon lo !”) An n konseye. An n pran plezi san rete. Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite. “Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite !” [Vèsè 3] Gade pye mango, gade flè ki bèl, Mango fransik dous tankou miyèl. Nou chaje rekòlt nou, nou mete l sou bato, Tout moun nan lemonn ap di “Ayibobo!” [Refren] An n pwodui ( “An n pwodui ! An n pwodui !”) An n pataje. An n vann (“An n vann yon lo !”) An n konseye. An n pran plezi san rete. Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite. “Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite !” [Vèsè 4] Sou mòn nou yo, kafe ap fleri, Kakawo sòti Latibonit (Latibonit !) pou ale nan lòt peyi. Nou voye fèv yo ale, men rasin yo toujou la, Ayiti gen bon kafe. Ayiti gen bon chokola ! [Refren] An n pwodui ( “An n pwodui ! An n pwodui !”) An n pataje. An n vann (“An n vann yon lo !”) An n konseye. An n pran plezi san rete. Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite. “Voye kilti nou, douvan douvan, se diyite !”

