Song Cover Image

JESUS JESUS

[Intro] [dry male spoken word] Il est un nom béni et un nom saint. Le nom de Jésus, c'est le nom le plus... le plus cité dans le monde. Oui, le nom de Jésus est le nom le plus cité. Non, Jésus c'est nom qui plus délivrer monde. Non, Jésus c'est nom qui plus sauver monde. Non, Jésus c'est nom qui plus belle. Non, Jésus c'est nom qui fait plus miracle. Nan sans sa, Doux Joy FM ap citer nom Jésus sa pou l'di Jésus merci, pou l'glorifier nom Jésus. Si pa t'gen nom Jésus jodi a, ou pa t'ap gen Doux Joy FM. C'est grâce à nom sa, le nom de Jésus. Il est un nom béni et un nom saint. Glorifier nom de Jésus-Christ de Nazareth. Je vous encourage à citer le nom de Jésus à chaque seconde, à chaque seconde dans votre vie, à chaque minute dans votre vie, parce que le nom de Jésus li gen puissance ladan l, li gen délivrance ladan l, et nou menm Doux Joy FM nou konnen sa. Oui, nou menm Doux Joy FM nou konnen ki puissance ki gen nan citer le nom de Jésus. N'ap citer nom de Jésus, n'ap glorifier nom de Jésus. Oui, le nom de Jésus c'est le nom le plus joyeux, le plus bel qui existait. N'ap citer nom Jésus sa. Merci Jésus pou sa ou ye nan lavi nou. Merci Jésus pou sa ou fè pou nou. Merci Jésus pou kote ou t'al pran nou. Merci Jésus pou kote ou pase avèk nou. Merci pou humiliations yo yo te ba ou pou nou Seigneur. Merci pou humiliations yo, yo cracher nan figi w pou nou, yo clouer w sou yon croix, yo mete yon piment piqué, yon vinaigre dlo tonbe nan je w pou nou te ka gen lavi. Merci pou nom sa. Mais il était blessé pour nos péchés, brisé pour nos iniquités, le châtiment qui nous donne la paix est tombé sur lui et c'est par ses meurtrissures que nous sommes guéris. C'est pa tout blessure Jésus yo nou menm nou guéri, c'est pa humiliation yo ba li yo ke nou menm nou délivré, parce que li menm li pa t' fè anyen pou l' te pran tout brimade sa yo. Men nou menm chak jou nou fè péché, chak jou nou pale moun mal, chak jou nou nan discussion, men Jésus pa t' nan tout bagay sa yo. C'est pou tèt nou menm ki fè Jésus pran humiliation sa yo. E sa k' fè ankò m'ap di nou, rele nan pye Jésus, rele nan pye Jésus parce qu'il est le même hier, aujourd'hui et éternellement. Menm moun Jésus te ye yè a, c'est li menm ki moun sa jodi a e l'ap rete moun sa pou lavi. Doux Joy FM ap di w, rele nan pye Jésus, rele nan pye Jésus. Le nom de Jésus c'est le nom qui guérit, c'est le nom qui délivre, c'est le nom qui sauve, c'est le nom qui bay fòs, qui bay puissance. Oui, encouragement sa li bon pou konnen, li bon pou konnen. Si w te konnen l' deja, kenbe l' parce que c'est sèl Jésus. Mwen menm mwen fè expérience avèk moun ki nan travay, lò w pale yo de Jésus yo ta vle desann ou, yo ta vle montre w sa w gen la oubyen yo di w... m' konnen l' deja, men yo vle pou pa ba yo l, comme si pou pa pale yo de Jésus a twòp. Men sa k' bèl la, lè gen yon bagay ki pral sot tonbe sou pye yo oubyen yo frape pye yo oubyen gen yon bagay ki manke yon malè prèske rive yo, tande: Jesus! Jesus! Yo rele Jesus. Ou menm si w tande y'ap pale anpil moun ap vin di w yo pa vle Jésus, kou yon bagay pral tonbe sou tèt yo, kou yon gwo malè pral pase, w'ap tande Jésus. Moun ki pale français yo ap di w Jésus, moun ki pale créole yo ap di w Jésus o! Jésus sove m! Jésus sove m! Et puis anglais yo tande Jesus! Jesus! Jesus! C'est konsa n'ap encourage w rete nan pye Jésus sa. San li menm pa gen lavi. Avèk Jésus tout bagay possible. Avèk Jésus tout bagay possible. San Jésus lavi a fini. Kenbe fèm, an nou rele nan pye Jésus. Jésus, Jésus, Jésus. N'ap ret tann ou parce que Jésus li te fèt, li grandi, li mouri, li ressuscite e l' promet l'ap vin chèche nou. An nou rele nan pye Jésus sa. C'est conseil sa Doux Joy FM te gen pou ou nan moment sa. An nou kenbe pye Jésus, tande? Rele Jésus. Rele Jésus. M'ale, ban m'al continue rele l. Rele Jésus.