Song Cover Image

Ayiti tèt ansanm

V5.5

Gade, Gade, Gade, Gade Nan ayiti sa kap pase Tande tande tande tande Son tèt ansanm poun deklare. Ayiti, Anba malè, ayiti peyi mizè Nan ayiti pa gen zafè, se sa yo di pou bal baryè Men nan tan Lon tan lè yo tap piyel Te gen yon ti non, yo te relel Yo te relel pèl dè zanti, se paskel patap soufri. Men kounyea nou remake Peyi’n bloke li paka mache Li nan koma li prèt poul mouri Fò’n met ansanm pou’n bal lavi Gade, Gade, Gade, Gade Nan ayiti sa kap pase Tande tande tande tande Son tèt ansanm poun deklare. Nou koupe Pye bwa pou’n fè Chabon Nou te konprann sa tap pi Bon Lè nou gade nou tonbe nan ron Fò’n pa chita di bondye Bon Se pou’n leve pou’n fè yon Aksyon Na gade sa tankou yon misyon Pou chak ayisyen ki renmen nasyonl Konsa konsa na jwenn yon solisyon. (Mizik) (Hérode Beauvais)