Song Cover Image

Louanj ou a tout è

[Intro] [Spoken male baritone vocals] Doujoy FM pral chante pou Bondye pou sa Bondye fè pou li. Doujoy FM dwe chante pou Bondye paske nou toujou di sa: Bondye soti lwen ak Doujoy. Se Doujoy k ap chante k di sa, men ou menm k ap tande a, Bondye soti lwen avèk ou. Ou menm ki pa pale, ki pa chante, ki pa preche, Bondye soti lwen avèk ou. Ou gendwa pa jwenn posibilite a pou pale, men nou konnen Bondye soti lwen avèk ou, menm jan l soti lwen ak Doujoy FM. Ou menm zanmi oditè yo, Bondye soti lwen avèk ou tou. Ann chante ansanm non. Ann di Bondye mèsi. O, gade jan Bondye bon. Bondye a bon tout bon. Mwen renmen l, mwen renmen l. Ou renmen l tou? Ann ale, ann ale, ann ale, ann ale, ann ale, ann ale, ann ale, ann ale, ann chante ansanm, ann ale. [Verse 1] [Melodic singing begins] Senyè Bondye mwen vle lavi m Ranpli ak louwanj Nan tout sa m ye ak tout sa m fè Plè ou tankou lesanj Plè ou tankou lesanj Plè ou tankou lesanj [Spoken] Se sa Doujoy FM ap fè [Singing] Nan tout sa m ye ak tout sa m fè Plè ou tankou lesanj [Verse 2] Se pa sèlman louwanj kè mwen Ni louwanj lèv mwen yo Mwen mande ou ede m ofri Louwanj ou a toutè (Alelouya) Louwanj ou a toutè [Spoken] Doujoy FM ap chante [Singing] Louwanj ou a toutè Mwen mande ou ede m ofri Louwanj ou a toutè [Verse 3] [Spoken] Se sa Doujoy ap fè [Singing] Mwen vle lwe ou toutan menm nan Bagay òdinè Chak kou mwen soti mwen antre Epi nan tout sa m fè [Spoken] Papa Bondye [Singing] Epi nan tout sa m fè [Spoken] Papa Senyè [Singing] Epi nan tout sa Doujoy fè Chak kou mwen soti ou antre Epi nan tout sa m fè [Verse 4] Fè kè tout pati nan mwen menm Kò, nanm avèk lespri Ka chante louwanj ou Senyè Malgré m fèb e piti [Spoken] Pitit Doujoy FM fè anpil [Singing] Malgré l fèb e piti [Spoken] An verite Doujoy fèb vre [Singing] Malgré l fèb e piti Ka chante louwanj ou Senyè Malgré l fèb e piti [Outro] [Spoken] N ap salye tout moun ki branche [Singing] Se konsa Senyè mwen menm menm Va glorifye ou E m va kòmanse sou latè Chan ki pou lisyèl tou [Spoken] Se sa n ap fè. Chan ki pou lisyèl tou. N ap salye tout pastè, tout madan pastè, tout pitit pastè yo. Chan ki pou lisyèl tou. E m va kòmanse sou latè chan ki pou lisyèl tou. N ap kontinye, n ap salye chak moun k ap fè yon travay nan legliz la, nan chan Bondye, paske Jezi di: mwason an gran, pa gen moun ki pou travay. N ap salye chak moun k ap fè yon travay nan ministè a, nan travay Bondye. [Singing] Tout lajounen avèk lannwit Va sen lè m fè l konsa Va gen yon kominyon pafè Ak ou menm isiba Ak ou menm isiba [Spoken] Doujoy FM. Ak ou menm isiba. Va gen yon kominyon pafè ak ou menm isiba. Doujoy ap fè m, Doujoy FM vle gen yon kominyon pafè avèk Senyè a. Doujoy FM vle gen yon kominyon pafè avèk Bondye nou an isiba, ak ou menm isiba. Nou vle gen yon kominyon pafè, nou vle gen yon kominyon pafè. Tout pastè yo dwe gen yon kominyon pafè, pitit pastè yo, chak moun k ap travay nan chan Senyè a, sèvant, sèvitè de Dye yo, moun k ap bale legliz yo, moun k ap bay sekirite legliz yo, brigadye, manm d'accueil, usher jan ou rele yo, ke Bondye beni yo, ke Bondye pwoteje yo. Nou salye chak moun ki gen yon travay, moun k ap clean, k ap netwaye lakou legliz, moun ki la k ap fè lekòl di dimanch, moun k ap adore, mizisyen, nou salye yo, ke Bondye beni yo. [Singing] Se konsa Senyè mwen menm menm Va glorifye ou [Spoken] Wi, nou va glorifye ou [Singing] E m va kòmanse sou latè Chan ki pou lisyèl tou Se konsa Senyè mwen menm Va glorifye ou E m va kòmanse sou latè Chan ki pou lisyèl tou Chan ki pou lisyèl tou Chan ki pou lisyèl tou E m va kòmanse sou latè Chan ki pou lisyèl tou Tout lajounen avèk lannwit Va sen lè m fè l konsa M va gen yon kominyon pafè Ak ou menm isiba Ak ou menm isiba [Spoken] Doujoy FM [Singing] Ak ou menm isiba M va gen yon kominyon pafè Ak ou menm isiba [Spoken] Alelouya, mèsi Senyè pou Doujoy. O, Doujoy FM, Doujoy, Doujoy FM ak ou menm isiba. Mèsi Senyè.