Song Cover Image

Sa Se Lanmou

+ Show full styles

[Intro] Kite m eksplike w... sa ki lanmou Gen anpil kalite santiman ki sanble avè l Men se pa tout ki lanmou... [Verse 1] Siw renmen yon moun, paske moun nan renmen w tou Saa se sympathy... Ou renmen paske li renmen w anvan Se yon echanj, se yon dèt ou peye Jou li sispann renmen w, ou menm ap sispann tou [Verse 2] Siw renmen yon moun, pou yon bagay li posede Saa se interè... Se pa kè li ou vle, se sak li genyen Kòb li, pozisyon l, non li nan sosyete Jou li pèdi tout sa, kote lanmou sa a prale? [Chorus] Men mwen ap chèche pi plis pase sa Yon lanmou ki pa gen kondisyon Yon lanmou ki pa mande background Sa... se lanmou m ap chèche a [Verse 3] Siw renmen moun nan, sèlman pou bote li genyen Saa se obsession... Ou vle posede l, ou pa vle pati l Jalouzi ap manje w, ou pa fè l konfyans Bote a ap fennen, e ou menm ap rete la san anyen [Verse 4] Siw renmen yon moun, paske li genyen bon kè Saa se admiration... Ou respekte l, ou leve l wo nan zye w Men admirasyon pa toujou tounen lanmou Ou ka admire san ou pa janm renmen [Chorus] Men mwen ap chèche pi plis pase sa Yon lanmou ki pa gen kondisyon Yon lanmou ki pa mande'w chanje Sa... se lanmou m ap chèche a [Bridge] Men siw renmen yon moun, ki genyen bagay an komen avèw Saa se destiny... Menm rèv, menm chemen, menm listwa Nou tèt kole tankou de moso ki fèt pou ini Sa pre... men se poko sa a [Verse 5] Se pa sympathy, se pa yon echanj senp Se pa interè, mwen pa vle sa w genyen Se pa obsession, mwen pa vle posede w Se pa sèlman admiration, mwen pa sèlman respekte w Se plis pase destiny, se pa sèlman koyensidans... [Chorus] Men siw renmen yon moun, e ou pa menm konnen poukisa Ou jis... wè ou renmen l San rezon, san kondisyon, san limit Sa... se lanmou SA... SE LANMOU [Outro] Ou jis wè... ou renmen l... Sa se lanmou...