Song Cover Image

Konstitisyon 1987

[Intro] [Male speaker begins, audience chatter in background] [Speech] Klou sa, klou sa Konstitisyon 1987 la bay peyi a. Mezanmi entelektyèl yo, lang peyi a ap sot deyò, jèl, l ap toufe. Vini pou n retire klou sa nan kou l, pou n wè kouman n a fè pou n libere l, pou n ka pèmèt pèp sa li ka reflechi yon fiti tou pou pitit li, li ka reflechi yon fiti pou li menm tou, pou peyi a ka gen bon jan sekirite. [audience applause] Se yon konstitisyon ki mete yon wòch nan men nou chak. Moun ki nan pouvwa jidisyè ap goumen ak moun ki nan pouvwa ekzekitif. Moun ki nan pouvwa ekzekitif ap goumen ak sa k nan pouvwa lejislatif. Sa k nan pouvwa lejislatif ap goumen ak sa k nan pouvwa ekzekitif. Men l pa ka konsa. Se amoni ki pou genyen ant twa pouvwa yo. Fòk konstitisyon an pèmèt ke tout pouvwa yo ansanm gen yon grenn bòs: pèp ayisyen an. [audience cheers] Men lè chak pouvwa gen yon bòs apa, yon bidjè vin fèt nan palman an, bidjè a vin fèt, epi sa w tande a bidjè a anba bra yon nèg. Men gwosè katab nèg la, ki bò l pral siyen l pou n konnen? Men sa yo toujou di m pou m pa di yo, m pa gen moun m rayi nan peyi a nou konn sa. M renmen tout moun. M ta renmen moun ki rich yo vin pi rich, moun ki pa ka manje yo pou yo vin manje, epi m ta renmen sa k nan mitan yo pou yo monte. Se sa m vle. [audience laughter] Men lè bagay yo ap fèt mal se pou n pale, paske ou menm bidjè a yo konn vin lakay ou avè l lò sonje, a onzè di swa, blap y ap antre nan pòt dèyè pou al korije bidjè a, paske bidjè a pa nan enterè yo, li nan enterè pèp la. Fò sa sispann! Se konstitisyon sa k fè sa, ki fè Leta... kouman pou Leta ap fè yon bidjè pou l al lakay yon moun avè l? Sa sa vle di? Tout moun pèdi sa, e se sa k fèt anndan peyi a. Se li k fèt chak ane. Ou menm kòm prezidan bidjè a vini, ou fin di bon, oke, n pral fè tèl bagay nan tèl zòn pou... ou fin ranje bidjè a, epi lè bidjè vote a vin jwenn ou, se tankou se yon bidjè w te voye sou de pye l epi bidjè a ap tounen sou de beki. [audience laughter and applause] Men kouman pou l konsa? Li pa posib. Se pou pèp la fò n ouvè zòrèy nou pou n tande pou n konprann. Wè si n pa retire tèt nou nan sa nou ye kounye a, nou pa p janm jwenn opòtinite sa ankò pou n retire tèt nou. Fò n re-ekilibre pouvwa yo. Mwen menm m di sa, pouvwa ekzekitif yo pa gen dwa ba l plis pouvwa. Non, non, non. Se pou tout gwo savan nan peyi a travay sou tèks sa pou re-ekilibre l, pou pouvwa ekzekitif, pouvwa lejislatif, pouvwa jidisyè gen yon ekilib. Paske gen yon gwo tèt chaje nan peyi a. Nou sot nan yon diktati pòch, sa vle di prezidan sèlman te Bondye, li te gen pouvwa. Nou antre nan yon lòt diktati... wè premye diktati a li pa t gen adjektif, dezyèm nan gen yon adjektif ki rele "fewòs". Nou sot nan yon diktati an 86, n antre nan yon diktati parlemantè fewòs. Mwen menm se mwen k pou di nou paske se mwen k sot sibi l. Se premye moun ki pou di nou sa. Yon diktati parlemantè fewòs, se nan sa n antre jodi a. Tout moun konnen konbe ki relasyon m ak depite ak senatè, se zanmi m yo ye. Men jodi a, se pou yo dakò tou pouvwa k te nan men yo a pou yo re-ekilibre l. Fò yo pèmèt peyi a ka viv. Mwen menm m klè, m pa gen pwoblèm pou lacham fè travay pa l, men se pou jan sa fèt nan tout peyi, palman an la pou kontwole pouvwa ekzekitif e l la pou l vote lwa. Se pou l jwe wòl li. Ou pa ka rete yon lwa ki bon pou peyi a, ou gade w pase mizè, w pase mizè, w preche, w preche, w tounen yon pastè evanjelik, lò gade lwa a pa janm pase. Akò kouran an. Alò nou panse lè m soti Taiwan an me 2018 la, si mesye yo te ban m pase, m t ap nan pale afè kouran kounye a ankò? Jamè! Kouran te gentan fini lontan. Tout nèg kanpe la, sa vle di gen yon gwo bòs anlè ki di "e, bagay sa mete bagay sa sou kote". M gen yon bon zanmi k rele m ki di m "wè prezidan, afè kouran sa m wè w cho ladan l lan, si nou vote bagay sa, il va y avoir mort d'homme". [audience laughter] Enwi, yon bagay ki bon pou devlope yon peyi, yon gwo franse gentan pale ladan l, pral gen "mort d'homme". Kouran! Si peyi a gen kouran, "il va y avoir mort d'homme". Sa vle di zafè kouran, se tankou se nan kouran yo pral pran w. E tout moun konn sa kouran vle di, sa kouran vle di pou yon peyi.