
[Intro] [Spoken male vocals] Doujoy FM ap envite w chante pou Bondye, di Bondye mèsi pou sa l ye nan lavi w, pou sa l fè pou ou, pou kote l te al foure men l pran w, pou kote l pase avèk ou, pou vye wout li fè avèk ou pou l rive mete w la. Ou dwe chante pou li. Fè menm jan ak Doujoy FM, chante pou le Senyè avan solèy la kouche. [Verse 1] [Melodic baritone lead enters, vocal harmony pads enter] Senyè Jezi konvèti nou Travay nou pa anyen Senyè Jezi se ak fòs ou Nou kapab fè sa ki byen Chanje ak gras Bondye Tout glwa pou ou wa mwen Pou m fè volonte w Senyè Se sèl bi mwen genyen [Verse 2] [Lead vocal continues with rhythmic backing vocals] Wete tout chit ak tout erè Kache nan lavi mwen Nan non ou Senyè m ap venkè Louanj pou wa mwen Chanje Doujoy FM Chanje ak gras Bondye Tout glwa pou ou wa mwen Pou m fè volonte w Senyè Se sèl bi mwen genyen [Interlude] [Spoken male vocals over humming harmonies] Kousole Doujoy, konsole tout zanmi yo, tout oditè yo ki renmen Doujoy FM. Depi 2014 Doujoy FM ap fonksyone. Nou di w mèsi. [Verse 3] [Singing resumes] Konsole chak grenn ak tristès Nan chak kè ki chanje Ban nou lajwa nan la detrès E lè nanm nou twouble Chanje, chanje ak gras Bondye Alelouya! Doujoy FM! Tout glwa pou ou wa mwen Pou n fè volonte w Senyè Se sèl bi nou genyen [Outro] [Spoken male vocals over sustained vocal chords] Se sèl bi Doujoy FM genyen, se sèvi Bondye, rete nan pye Senyè a, ankouraje moun nan lafwa, rete nan fè bon bagay. Si m peche m mande padon pou m pa tounen fè menm erè yo chak jou. Se sa. Chanje ak gras Bondye, tout glwa pou ou wa mwen, pou m fè volonte w Senyè, se sèl bi mwen genyen. Se sèl bi Doujoy FM genyen pou l chante pou le Senyè. Ou menm k ap tande nou partout dans le monde, kèlkeswa kote w ye, chante ak Doujoy. Chanje ak gras Bondye, tout glwa pou ou wa mwen, pou m fè volonte w Senyè, se sèl bi Doujoy FM genyen.

