
Dekouvri Latibonit
[Refren] An n al Machan Desalin ! “ An n al Machan Desalin ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gonayiv ! “ An n al Gonayiv ! “ An n dekouvri Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ [Vèsè 1] Latibonit (Latibonit !) gen dlo k ap koule Li bay diri, li bay bèl jaden fleri Tè a rich, li ban nou manje Timoun Latibonit (Latibonit !) pataje yon lo istwa ak yon bèl avni [Refren] An n al Machan Desalin ! “ An n al Machan Desalin ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gonayiv ! “ An n al Gonayiv ! “ An n dekouvri Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ [Vèsè 2] Gonayiv se vil endepandans Lè premye janvye, li chaje enpòtans Desalin te kanpe pou libète Latibonit (Latibonit !) se flanm dife ki pa janm sispann limen [Refren] An n al Machan Desalin ! “ An n al Machan Desalin ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gonayiv ! “ An n al Gonayiv ! “ An n dekouvri Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ [Vèsè 3] Gwo Mòn gen mòn, li gen ti rivyè Machan Desalin bèl tankou lalin klè Tibè, Ennery, tout rakwen sa yo Se kè Ayiti, se bèl chan pa nou [Refren] An n al Machan Desalin ! “ An n al Machan Desalin ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gwo Mòn ! “ An n al Gonayiv ! “ An n al Gonayiv ! “ An n dekouvri Latibonit ! “An n dekouvri Latibonit ! “ Latibonit ! (Latibonit !) “An n dekouvri Latibonit ! “

