
Kouple 1 Èske w santi mòn yo tranble? Èske w tande lanmè yo gwonde? Lè pèp la leve pou chante Pou Jezi Kris ki resisite. Kouple 2 Èske w santi pèp la tranble? Èske w tande chantè yo chante fò? Lè moun ki te pèdi yo kòmanse chante Pou Jezi Kris, Sovè a. Anvan refren Bondye, nou wè Ou ap aji, Tankou yon gwo rivyè atravè nasyon yo. Jèn kou granmoun ap tounen vin jwenn Jezi. Louvri byen laj, nou menm pòt syèl yo! Preparé chemen pou Seyè ki resisite a! Refren Louvri pòt yo, kite mizik la jwe! Se pou chante sonnen nan tout lari! Chante ki pote espwa Ou, Chante ki pote lajwa Ou; Se pou dans nou selebre viktwa sou enjistis! Kouple 3 Èske w santi fènwa ap tranble, Lè tout sen yo mete vwa yo ansanm? Tout ti kouran dlo fè yon sèl rivyè Pou lave blesi ki fann kè nou. Anvan refren Bondye, nou wè Ou ap aji; Yon tan rejwisans ak libète ap vini. Jèn kou granmoun ap tounen vin jwenn Jezi. Louvri byen laj, nou menm pòt syèl yo! Preparé chemen pou Seyè ki resisite a! Refren Louvri pòt yo, kite mizik la jwe! Se pou chante sonnen nan tout lari! Chante ki pote espwa Ou, Chante ki pote lajwa Ou; Se pou dans nou selebre viktwa sou enjistis! Kouple Di Bondye mèsi ak yon kè rekonesan, Di Bondye ki sen an mèsi. Di Li mèsi paske Li ban nou Jezi Kris, Pitit Li a. Di Bondye mèsi ak yon kè rekonesan, Di Bondye ki sen an mèsi. Di Li mèsi paske Li ban nou Jezi Kris, Pitit Li a. Refren Kounye a, se pou moun ki fèb di: “Mwen fò!” Se pou moun ki pòv di: “Mwen rich!” Pou sa Seyè a fè pou nou. Kounye a, se pou moun ki fèb di: “Mwen fò!” Se pou moun ki pòv di: “Mwen rich!” Pou sa Seyè a fè pou nou. Final Nou di Ou mèsi! Nou di Ou mèsi!

