Pou Ayiti nan non zansèt yo Se pou n sekle se pou n plante Se nan tè tout fòs nou chita Se li k ba nou manje Ann bite tè ann voye wou Ak kè kontan fòk tè a bay Sekle wouze fanm kou gason Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou. - 2 - Pou Ayiti peyi zansèt yo Se pou n mache men nan lamen Nan mitan n pa fèt pou gen trèt Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou Annou mache men nan lamen Pou Ayiti ka vin pi bèl Annou, annou met tèt ansanm Pou Ayiti nan non tout zansèt yo. - 3 - Pou Ayiti ak pou zansèt yo Fò nou kapab vanyan gason Moun pa fèt pou ret avek moun Se sa k fè tout manman ak tout papa Dwe pou voye timoun lekol Pou yo aprann pou yo konnen Sa Tousen, Desalin, Kristof, Petyon Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan. - 4 - Pou Ayiti nan non zansèt yo Ann leve tèt nou gad anlè Pou tout moun mande Granmèt la Pou l ba nou pwoteksyon Pou move zanj pa detounen n Pou n ka mache nan bon chimen Pou libète ka libète Fòk lajistis blayi sou peyi a. - 5 - Nou gen yon drapo tankou tout pèp Se pou n renmen l mouri pou li Se pa kado blan te fè nou Se san zansèt nou yo ki te koule Pou nou kenbe drapo nou wo Se pou n travay met tèt ansanm Pou lòt peyi ka respekte l Drapo sila a se nanm tout Ayisyen.