
M’ pa ka kontrolé’m
Verse 1: Poukisa m’ap tranble! chak fwa telefòn nan sonen? Gen yon bagay nan ou, mwen pa ka konprann… M’ap eseye kenbe tèt, men m’ap tonbe mal, Mwen santi m tankou yon timoun nan lekòl avè w, Ou fè m’ vle viv, vle chante, vle danse pou ou, Sentiman sa a tankou yon dwòg, m’ap vin depandan de ou. Chorus: Mwen pa ka kontwole, sa k’ap pase nan kè mwen, Chak moman avè w’ se yon lòt mond mwen jwenn, Ou fè m’ sonje tout sa ki bèl nan lavi, Avè w’ mwen vle reve, avè w’ mwen vle viv, cheri. Verse 2: Se ou k’ap fè m’ ri menm lè m’ap kriye, Lè w’ pa bò kote m’, mwen santi m’ antere, Se pa yon jwèt, se pa yon fantezi, Mwen pa ka imajine lavi san ou, baby. Rap Verse (French): Je suis fou de toi, c’est comme une obsession, Chaque instant avec toi, c’est une bénédiction, Quand tu es loin, je perds toute ma raison, Avec toi, je vis dans une autre dimension, Ton amour est ma drogue, mon addiction, Je suis prêt à tout, sans hésitation. Chorus: Mwen pa ka kontwole, sa k’ap pase nan kè mwen, Chak moman avè w’ se yon lòt mond mwen jwenn, Ou fè m’ sonje tout sa ki bèl nan lavi, Avè w’ mwen vle reve, avè w’ mwen vle viv, cheri.

