Song Cover Image

Drapo peyi d’Ayiti

V5.5

Nou gen yon drapo tankou tout pèp Se pou n renmen l mouri pou li Se pa kado blan te fè nou Se san zansèt nou yo ki te koule Pou nou kenbe drapo nou wo Se pou n travay met tèt ansanm Pou lòt peyi ka respekte l Drapo sila a se nanm tout Ayisyen Pou Ayiti peyi zansèt yo Se pou n mache men nan lamen Nan mitan n pa fèt pou gen trèt Nou fèt pou n sèl mèt tèt nou Annou mache men nan lamen Pou Ayiti ka vin pi bèl Annou, annou met tèt ansanm Pou Ayiti nan non tout zansèt yo. Pou Ayiti nan non zansèt yo Se pou n sekle se pou n plante Se nan tè tout fòs nou chita Se li k ba nou manje Ann bite tè ann voye wou Ak kè kontan fòk tè a bay Sekle wouze fanm kou gason Pou n rive viv ak sèl fòs ponyèt nou. Pou Ayiti ak pou zanseèt yo Fo nou kapab vanyan gason Moun pa fèt pou ret avèk moun Se sa k fèm tout manman ak tout papa Dwe pou voye timoun lekol Pou yo aprann pou yo konnen Sa Tousen, Desalin, Kristof, Petyon Te fè pou wet Ayisyen anba bòt blan. Pou Ayiti onon zansèt yo Ann leve tèt nou gad anlè Pou tout moun mande Granmèt la Pou l ba nou pwoteksyon Pou move zanj pa detounen n Pou n ka mache nan bon chimen Pou libète ka libète Fok lajistis blayi sou peyi a.