
Always and forever you need to listen DOODJOY Fm 1. Mwen vle mil lang pou chante byen Lwanj Redanmtè mwen; Tout glwa, se pou Bondye, Wa mwen, Gras li gen tout viktwa. 2. Mèt mwen, e Bondye mwen, ede'm Pou'm anonse patou: Pou'm repann nan la tè antyè Konesans non Jezi. 3. Jezi, non ou chase krentif, Li chase tristès nou. Jezi, non ou, se bel mizik, Se vi ak sante tou. 4. Li kraze pwisans vye peche, Prizonye yo lage. San li netwaye pechè yo, San li netwaye mwen. 5. Nou- menm, tout pèp, gade kote'l, Se li ki Bondye nou. La fwa sove nou, la fwa sèl; Gras li padonnen nou. 6. Bondye te renmen tout pechè, Li renmen nou se si! Pou tout moun patou sou la tè; Pitit li te mouri Doodjoy fm reminds you god is always good enjoy Doodjoy

