
Soti nan tè, vini richès – Vetivè nou
[Refren – chante apre chak vèsè] An n plante, an n leve tè a Vetivè se lajan, vetivè se lespwa Rasin li yo nan fon e valè l anba tankou anlè Vetivè sòti nan tè Se yon richès nou plante, tout kote tout lè [Vèsè 1 – Plante li byen] Se pa mete li konsa : “non, patnè !” Fòk ou pare tè a, retire tout move zèb Tranpe ti rasin nan dlo, bay li fòs Plante l an ranje, pa twò sere, pa twò lage “Pa bliye, tè a se manman l, pa malmennen l” “Bay li tranpèt e sonje benyen l” 👉🏽 (Refren) An n plante, an n leve tè a Vetivè se lajan, vetivè se lespwa Rasin li yo nan fon e valè l anba tankou anlè Vetivè sòti nan tè Se yon richès nou plante, tout kote tout lè [Vèsè 2 – Swen chak jou] Lè lapli tonbe, gade si l pa kouvri Rale, sakle, wouze l, si sèchrès vini Tè bezwen respire, pa mete wòch anlè Kenbe jaden an, tankou pitit ou fè “Vetivè pa pale, men li konn bay” “Si w ba li lanmou, l ap ba w rekòt chak mwa.” 👉🏽 (Refren) An n plante, an n leve tè a Vetivè se lajan, vetivè se lespwa Rasin li yo nan fon e valè l anba tankou anlè Vetivè sòti nan tè Se yon richès nou plante, tout kote tout lè [Vèsè 3 – Rekòlte li byen] Se pa lè w vle, se lè rasin pare Ou wè l fonse, li gen bon sant, ou ka rache l Pran pèl ou, fouye l dousman Se pa koupe rasin nèt : kite yon ti bout, se resous pou lòt plantasyon “ Lave l, seche l, mete l an pake “ “ Kliyan ap tann li : pa jete l, pa gaspiye l “ 👉🏽 (Refren) An n plante, an n leve tè a Vetivè se lajan, vetivè se lespwa Rasin li yo nan fon e valè l anba tankou anlè Vetivè sòti nan tè Se yon richès nou plante, tout kote tout lè [Vèsè 4 – Vann li ak sajès] Gen moun ki achte l pou fè bon sant Gen lòt ki fè lwil avè l, melanje l sou kò, sou rad Se pa bagay pou jete, se richès anba pye Vetivè se biznis, li tèt nèg, se chimen diyite “Fè pri w byen, mete tèt ansanm” “ Konbit se yon bon solisyon si w pa vle dekouraje” 👉🏽 (Refren – final la ak tout moun) An n plante, an n leve tè a Vetivè se lajan, vetivè se lespwa Rasin nan fon e valè l anba tankou anlè Sòti nan tè Se yon richès nou plante tout kote tout lè

