Song Cover Image

Duke Sou Fear (Cinematic Acoustic Version)

[Intro] [male voice speaking] daprè konsta ke m fè , se yon vwa ke m te tande epi m eseye ap fè vwa sa pou ke m pa bliye konsepsyon ke mwen wè ki Jan kolon an fè, pou li kreye la pè, latrosite o sen de tout les nasyon, li kreye lagè, li kreye jenosid, li kreye lesklavaj avèk yon atrosite enòm. Gen moun ki pèdi men yo, yo koupe pye yo, yo tòtire yo, yo fè yo des operasyon, des operasyon e san anestezie. Mwen vin konkli ke gen yon endistri ki ouvè sou la pè. Fè moun pè a se yon endistri, gen yon enèji, e enèji sa li ranpli yon antite, yon egregò. Paske nan tout les fason, tout sa ke nèg yo fè se kriye atrosite, vèse san, touye moun. Yo gen yon antite ke y ap nouri. Sa ke m pa vle pèdi fil panse mwen sou li paske se pou sa ke m fè vwa sa, e m si e sèten alavni m ap elabore sou li plis paske li pa nòmal pou ke nèg yo fè des deseni, deseni ou konprann pou y ap tòtire touye moun, mete moun nan difikilte, ap tòtire jèn fi, gason nan tout les ang de la planèt. Gen yon rezon pou sa ke nèg yo ap gen yon antite ke y ap nouri avèk des enèji negatif. Plis ke ou tòtire ou gen pè, se plis ke antite sa li menm l ap nouri. Se sa k fè yo oblije kreye des gè pou kenbe balans lan. So m si e sèten m ap vini sou plis de done lè ke mwen menm mwen fini kapab vrèman elabore. Se sa k fè adrenokòm, se ke lè y ap bat yon moun, sitou ti moun piti, yo bat yo, yo tòtire l, yo bat yo, yo tòtire l, a un moman done yo pran san li. San sa, akòz ke l tòtire, li gen pè sou li, epi san yo retire yo pran san sa, se li menm ki rajènise de moun ki rich paske san an gen yon sibstans ladan l ki pèmèt ki nouri selil pa yo, vin rejènere yo. E tout sa gen rapò avèk la pè. So m ap fini avèk plis detay lè ke m jwenn mo detay paske sa m sipoze fè yon cho sou sa paske bagay sa li trè trè enpòtan pou nou konnen. Paske tout planèt la nèg yo kreye relijyon, e relijyon se li menm ki kreye la pè an daprè entèn, ou nouri l pèmanan, epi yo kreye pè la fizikman kote y ap tòtire w. Men legliz fè moun pè mantal man, psikolojikman, lagè se des fiyèl fizik ki pèmèt ou pè pandan yon nonm de tan. Se sa k fè lè w wè nan lagè nèg yo kreye des atrosite, koupe tete fi, touye bebe avèk bayonèt, se kreye yo kreye imaj la pè o zye de tout moun. Nèg yo gen yon mekanis sistèm yo itilize, yo kreye tout faz sa yo o sen de sosyete a pou kenbe tout moun nan la pè, epi pandan se tan yo menm y ap nouri. Se sa k fè yo pa eradike tout moun paske yo bezwen moun pou kreye enèji sa negatif pou nouri antite a.