[Verse 1] Solèy la gen dòmi nan je Tout boutik fin fèmen M chita, m pa bouje W ap ban m de ti kout pye Ou p ap tann Fevriye [Verse 2] Solèy te gen dòmi nan je Lò nou t ap karese Tout kò m te pran dife Menm rèl nou te mele Nou te fèk kòmanse [Chorus] Yon jou, yon promès, yon foli Demen lapli, rèv toutouni Pran kè w ak de men Fòk ou ka goumen pou mwen [Verse 3] Solèy la met dòmi nan je Moun lavi sakaje Choublak te mèt fennen Zetwal met pa limen Ou menm, w a wè demen [Verse 4] Solèy la gen dòmi nan je Tout boutik fin fèmen Se lavi k pral tanmen Boujonnen nan vant mwen Tankou yon melodi [Chorus] Yon jou, yon promès, yon foli Yon move tan, rèv toutouni Pran kè w ak demen Fòk ou konn goumen pou mwen [Bridge] Si w tande mwen N a wè lakansyèl tou yon jou Men n a viv lesansyèl Toulèjou lanmou va di "Doulè mwen fini" Lanmou pa nou tankou yon melodi (tankou melodi) Mmmhm-mmmhm! [Hook] Tankou melodi Tankou melodi [Bridge] Si w tande mwen N a wè lakansyèl tou yon jou Men n a viv lesansyèl Toulèjou lanmou va di "Doulè nou fini" [Bridge] Lanmou pa nou Tankou yon melodi (Tankou melodi) mmmh, yon melodi Tam-mba-mba-mmwe! (tankou melodi) (Tankou melodi) (Tankou melodi) [Outro] Tankou melodi Tankou melodi Tankou melodi


