Song Cover Image

Maranatha

[Intro] [male voice speaking] Doujoy FM ap salye tout zanmi ki ap swiv nou patou nan lemond. N ap di yo mèsi pou pasyans yo, mèsi pou tan ke yo bay a estasyon sa. Kèlkeswa kote ou ye nan lemond, w ap tande Doujoy FM paske nou se radyo levanjil moman ki online. Mèsi dèt konekte. Mèsi dèt konekte paske Doujoy se radyo pa w. Nou salye chak Ayisyen ki kounye a ap tande nou. Nou salye chak etranje, nou salye chak moun ki ap viv nan nenpòt peyi ke ki genyen sou latè. Nou konnen gen apeprè san katreven trèz peyi. Nou pa konnen nan tout san katreven trèz la èske gen Ayisyen ladan yo, men nou konnen Ayisyen yo anpil, yo tout kote. Ke Bondye beni w, ke Bondye gade w. Pa bliye Doujoy FM, Doujoy FM renmen w. Doujoy FM renmen w, kèlkeswa kote ou ye a. Ann reflechi tou piti san nou pa pran anpil tan, nou di tou piti, sou vèsè sa: Si l'Éternel n'était pas mon secours, mon âme serait bien vite dans la demeure du silence. N ap reflechi sou li. Si Letènèl pa t la pou pwoteje m, si Letènèl pa t ap gade w, si Letènèl pa t avè w, atò konsa zo pa t bon pou fè bouton. Atò konsa ou pa t ap viv. Se pa paske ou sèvi Bondye byen, se pa paske ou fè tout bagay, men se une grâce. Refleksyon nou kounye a sou vèsè sa se ke si w wè w ap viv, se pa paske ou fè sa ki bon, se pa paske ou pale byen, se pa paske ou gen gwo konesans ou te ale lekòl ou gen anpil diplòm. Diplòm yo bon anpil pou ede nou nan sosyete a, li enpòtan pou nou ale lekòl pou nou kapab pale, men se pa sa k fè n ap viv, men c'est une faveur, c'est une grâce de Dieu. Doujoy FM renmen w, Doujoy FM vle w avanse, men kontinye rete nan pye Senyè a. Enjoy Doujoy, avec Dieu nous ferons des exploits et il écrasera nos ennemis. Rete konekte sur Doujoy FM. D-O-O-D-J-O-Y FM. D-O-O-D-J-O-Y FM. Nou salye tout moun ki ap swiv nou sou tout platfòm yo. Nou fè spòt la deja, gen mizik ki pase sou sa deja, men gen kèk non n te bliye, nou pa t di WhatsApp, nou pa t di Instagram, nou pa t di LinkedIn. Nou salye tout moun ki konekte nou, nou di Messenger, Facebook, YouTube, Clapper. Nou pale sou moun ki konekte nou sou Radio King, Citrus 3. Nou salye tout moun ki branche nou sou Google k ap chèche tout enfòmasyon. Depi w klike non Doujoy FM, D-O-O-D-J-O-Y, w ap jwenn anpil enfòmasyon. Ke Bondye beni w. Jésus ap tounen. Maranatha, Maranatha. Jésus ap retounen. Amen.