Song Cover Image

DOODJOY FM RENMEN W

[Intro] [clean electric guitar chords, melodic bass guitar, steady drum beat] [Spoken Word] [male voice] Priye Doujoy FM pou ou menm k'ap koute nou kounye a. Se pou tout sa w manyen se yon sous de benediksyon. Se pou tout kote w pase se siksè k'ap fèt. Se siksè k'ap mache dèyè w paske ou gen konfyans nan Bondye, ou kwè nan Latrinite. Ou konnen mo sa nou fè l pi kout pou ou, nou rakousi li, nou di Latrinite se Le Père, Le Fils, Le Saint-Esprit. Se sa Doujoy FM ap swete w. L'ap swete ke fanmi w, travay ou, sante w, entelijans ou, pitit ou, fwaye w, legliz ou, katye w, peyi w, pou ke sa mache byen o non du san vèse de Jezi. Si w konprann sa, di amèn, tape amèn epi pibliye l, voye l ale pa kenbe l paske Doujoy FM renmen w. Menm jan Doujoy FM renmen w lan m konnen w renmen Doujoy FM tou. Ann sèvi Bondye ansanm.