
[Intro] [low synth drone, subtle percussive texture] [Verse 1] [deep male voice, spoken word] Doujoy FM vin mande jistis pou yon gwoup moun ki tonbe k pa janm jwenn jistis, yo bliye yo, enben nou menm Doujoy FM nou mande jistis pou yo. N ap kòmanse site non yo e n ap anvan nou kòmanse site non yo, n ap mande tout fanmi pa fè jalouzi paske n pa p sonje non tout moun ki tonbe anba bal mawon, moun yo kidnape, moun yo anlve, nou pa konn tout. Se kèk non ki pase nan tèt nou, n ap site yo. Doujoy FM, Doujoy FM pa dakò pou moun sa yo pa janm jwenn jistis. N ap site non Jean-Jacques Dessalines, yo te koupe tèt li sou Pon Wouj, enben yo pa janm di ki kote sa soti, kòman l te mouri, kiyès ki te fè konplo, kiyès yo te mare, kiyès yo te mete anba kòd. Jean-Jacques Dessalines, papa patrya, li pa janm jwenn jistis. Jean Léopold Dominique, jounalis Radyo Ayiti Entè a, li poko janm jwenn jistis, n ap mande jistis pou li. N ap mande jistis pou avoka Ivelot Lèl yo te touye devan anba devan lapolis la, yo te touye l devan lapolis anba, li pa janm jwenn jistis. Ivelot Lèl. Mireille Durocher Bertin pa janm jwenn jistis. Mireille Durocher Bertin pa janm jwenn jistis, nou mande jistis pou madanm Mireille Durocher Bertin. N ap mande jistis pou Félix Lamy, Fefe, Radyo Galaksi, yo antre nan estasyon an, yo anlve Fefe, y ale avè l nou pa janm jwenn tras li, nou pa janm gen enfòmasyon. Fefe se te youn nan jounalis animatè ki te konn sipòte mizik ayisyen an, pale de mizik ayisyen an. Fefe te gen dè spòt ke l te fè sou Galaksi ke m te renmen tande, pa egzanp spòt samdi swa kote li di: [Vocal shift, imitating a radio spot] Comment occupez-vous votre samedi soir? Si vous ne sortez pas pour danser, si vous ne répondez pas à une invitation, le mieux est de rester chez vous. Dans ces moments-là, une bonne ambiance musicale est idéale, et c'est là que Galaksi commence à jouer sa partition. Tous les samedis soirs, de sept heures à minuit, tout est permis sur Galaksi. [Normal speaking voice resumes] Sa se te konsa Fefe te konn fè l, Galaksi, le monde au thermomètre de treize heures. Yo pran sitwayen an, yon moun ki t ap ede jenès la, daprè w wè jan m fè vwa m byen, se konsa yo ale avè l. Nou mande jistis pou Félix Lamy. Nou mande jistis pou Petit-Jean, yo mande jistis pou yo. Sa se kèk non ki pase nan tèt nou. Nou mande jistis pou Mèt Dorval, nou mande jistis pou Mèt Dorval ki tonbe. Nou mande jistis pou Eric Jean-Baptiste, nèg bolèt la, sitwayen sa yo touye l yo poko janm di anyen. Epi dènye grenn non an, Doujoy FM ap mande jistis, wi, Doujoy FM ap mande jistis pou Prezidan Jovenel Moïse. Jovenel Moïse yo antre lakay nèg la, yo masakre l, yo lapide l, yo depatcha l pak an pak. Se pa posib. Jistis, jistis, jistis. Libète, egalite, fratenite. Si nou konprann mizik sa, pawòl ki di la nan chè li, n ap voye l ale. M pa kwè se mwen k pou mache nan radyo al lage grenn mizik sa pou ke mizik sa se jistis li ye e nou chante l konsa pou non fò moun sa yo jwenn jistis. Epi nou mande padon a tout moun ki gen yon moun ki disparèt ke nou pa konn non yo pou n te site. Moun ki tonbe pandan yo pral nan mache, moun ki tonbe pandan yo pral legliz, elèv ki tonbe pandan yo pral lekòl, pandan yo pral konpoze, moun ki tonbe pandan yo pral nan travay, moun ki tonbe anba bal mawon pandan yo kouche lakay yo, pandan yo nan katye lakay yo. Pandan n ap sonje jounalis Vision 2000 lan, pandan n ap sonje jounalis RSF la, n ap mande jistis pou yo. Nou pa sonje non yo, men tout moun ap wè de kiyès n ap pale. Nou mande jistis pou tout moun ki tonbe anba bal. Libète, egalite, fratenite. Onon de Jezi, Doujoy FM mande jistis pou tout moun sa yo. Jistis!

